Ann M. Santilli, Chief Financial Officer

Ann M. Santilli

Direktè Finansye

Yo nome Ann M. Santilli Direktè Finansye LADWP apati 10 me 2019.

Madan Santilli rapòte dirèkteman bay Direktè Jeneral la epi li sipèvize Biwo Sèvis Finansye (FSO), li dirije operasyon kontablite, finans, odit entèn, kontwòl risk ak sipò previzyon finansye LADWP yo. Li te ranplase Neil M. Guglielmo ki se kounye a Direktè Jeneral Sistèm Pansyon Anplwaye Vil Los Angeles la.

Anvan nominasyon sa a, Madan Santilli te Adjwen Direktè Finansye ak Kontwolè pou Depatman an. Karyè LADWP li nan finans te gen ladan l tou sèvi kòm Direktè Finansye Enterimè soti Oktòb 2010 rive Janvye 2012, Anplwaye Kontab Anchèf an Jiyè 2010, Direktè Finansye Adjwen an Avril 2008, ak Kontwolè an Mas 2008. Anvan yo te nonmen l Kontwolè a, li te Manadjè Rapò Finansye depi 2003.

Madan Santilli te kòmanse karyè li avèk LADWP nan gwoup Kontabilite Intermountain Power epi li te travay pandan 10 ane nan Odit Entèn. Li gen plis pase 30 ane eksperyans nan kontablite ak odit, epi li gen yon lisans nan administrasyon biznis nan California State University, Northridge. Li se yon kontab piblik sètifye nan Eta Kalifòni epi yon oditè entèn sètifye.