Newsletter Article

Tèmostat Entelijan: 5 Benefis pou Biznis Ou

Antanke pwopriyetè biznis, ou renmen rete konekte epi kontwole depans yo. Chofaj, vantilasyon ak èkondisyone (HVAC) se yon gwo depans enèji pou pifò biznis yo, li reprezante prèske mwatye nan enèji ki itilize nan bilding komèsyal yo. Yon tèmosta entelijan ki fonksyone ak Wi-Fi ka ede w ekonomize lajan paske li pèmèt ou kontwole konsomasyon enèji sistèm HVAC ou a, kèlkeswa kote w ye a. Men senk fason enstalasyon tèmosta entelijan ka benefisye biznis ou.

1. Aksè mobil

Tèmosta Wi-Fi yo ba ou kontwòl adistans sou sistèm HVAC ou a atravè nenpòt aparèy ki gen entènèt. Ou ka fè ajisteman tanperati byen vit e fasil si w pa nan biwo a, si w nan yon reyinyon oswa kèlkeswa kote w ye a.

2. Kontwòl 24 èdtan

W ap gen aksè a tèmosta entelijan ou a 24 èdtan pa jou, sèt jou pa semèn. Ou ka fè ajisteman tanperati pou ekonomize enèji nan wikenn, lannwit oswa nenpòt ki lè.

3. Jesyon Sistèm

Kontwole plizyè tèmosta nan bilding ou an oswa nan plizyè kote avèk yon sèl koneksyon senp. Pa pèdi tan ak enèji ankò pou repwograme oswa ajiste plizyè tèmosta manyèlman.

4. Alèt Antretyen

Avèk tèmosta san fil yo, ou ka mete alèt pou yo ka notifye w pa tèks oswa imèl si gen yon pann sistèm HVAC oswa yon pwoblèm antretyen.

5. Mizajou sou enèji

Anpil modèl tèmosta entelijan ba ou rapò ki detaye konsomasyon enèji ou ak tan fonksyònman ak operasyon sistèm HVAC ou a. Gen kèk modèl ki ka montre w konbyen ou ekonomize epi konpare konsomasyon enèji w de mwa an mwa.

Kontakte yon pwofesyonèl

Pou optimize pèfòmans, anboche yon pwofesyonèl kalifye pou enspekte epi netwaye sistèm HVAC ou a epi etabli yon pwogram antretyen prevantif regilye. Yo kapab enstale nouvo tèmosta entelijan ou yo tou. Se fason entelijan pou ekonomize enèji ak lajan tout pandan w ap amelyore konfò etablisman w lan.
Pwogram Optimizasyon Èkondisyone nou an ka ede w kenbe sistèm chofaj, vantilasyon ak klima santral ou a ap fonksyone byen avèk sèvis dyagnostik ak antretyen gratis. Pwogram nan disponib pou kliyan elektrik rezidansyèl ak komèsyal ki gen sistèm chofaj, vantilasyon ak èkondisyone santral, epi li bay sèvis pa teknisyen HVAC pwofesyonèl ki sètifye ki soti nan antreprenè apwouve ak lisansye—tout sa gratis pou ou. Pou wè si biznis ou kalifye epi pou plis enfòmasyon, tanpri vizite ladwp.com/acopt
 

Oktòb 2023 Bay Ti Biznis yo Pouvwa

Bilten chak mwa LADWP a ki rele Empowering Small Business (Pwomosyon Ti Biznis) ede enfòme kliyan ti biznis espesifik nan endistri a sou nouvèl LADWP, pwogram konsèvasyon ak fason pou ekonomize sou bòdwo yo.

Bilten konplè