Newsletter Article

Vin jwenn nou: Webinè sou Ankourajman pou Ekleraj Efikas an jen

Chanjman ap vini nan Pwogram Ankourajman Ekleraj Komèsyal nou an (CLIP)! Patisipe nan youn nan webinè nou yo nan mwa jen an pou aprann plis bagay sou chanjman nan kondisyon pwogram nan ak ogmantasyon nivo ankourajman ki pral antre an vigè 1ye jiyè 2024. Sijè yo ap gen ladan tou:

  • Aplikasyon ak kalifikasyon
  • Pwosesis verifikasyon
  • Pwogram Kontraktè Rekonèt CLIP la
  • Konsòsyòm DesignLights la

Webinè Pwogram Ankourajman Ekleraj Komèsyal (CLIP) 

Dat yo
Jedi 13 jen 
Jedi 27 jen

: 9è dimaten – midi
Kote: Vityèl (via platfòm WebEx la)
Pou enskri: Tanpri voye yon imèl bay [email protected] avèk dat atelye ou vle a ansanm ak non chak patisipan, adrès imèl, nimewo telefòn, ak konpayi/òganizasyon.


Èske w ap patisipe kounye a nan Pwogram Machann Rekonèt CLIP la?


Nan dat 1ye Jiyè, Pwogram Machann Rekonèt CLIP la pral sibi chanjman tou, tankou yon chanjman non pou Pwogram Kontraktè Rekonèt la. Si w ap patisipe kounye a nan Pwogram Machann Rekonèt nou an epi ou ta renmen chanje estati w pou ale nan Pwogram Kontraktè Rekonèt la, ou dwe patisipe nan youn nan webinè nou yo.
 

Webinè Pwogram Kontraktè Rekonèt kap vini an (pou patisipan aktyèl yo sèlman)

Dat: Jedi 20 jen
: 9è dimaten – midi
Kote: Vityèl (via platfòm WebEx la)
Pou enskri: Tanpri voye yon imèl bay [email protected] avèk dat atelye ou vle a ansanm ak non chak patisipan, adrès imèl, nimewo telefòn, ak konpayi/òganizasyon.
 

Bilten Koneksyon Jen 2024 la

Soti nan tandans ak pi bon pratik nan endistri a rive nan inisyativ dirabilite, Bilten Koneksyon chak mwa nou an bay enfòmasyon, dènye nouvèl ak resous enpòtan pou sipòte gwo kliyan biznis nou yo.

Bilten konplè