Dokiman sa yo genyen enstriksyon ak direktiv pou soumèt Prèv Asirans bay LADWP a:

Memo Sistèm Konfòmite Asirans 

Platfòm Sistèm Konfòmite Asirans LADWP

Fòmasyon sou Entènèt sou Sistèm Konfòmite Asirans

Fòm Andòsman Asirans Obligatwa yo

  1. Y ap aksepte sètifika asirans kòm prèv asirans pou pwoteksyon sa yo avèk andòsman obligatwa ki idantifye LADWP nan lis kontra asirans lan:
    • Responsablite Jeneral
    • Responsablite Otomobil
    • Konpansasyon Travayè yo
    • Responsablite Eksè
    • Responsablite Pwofesyonèl
    • Responsablite Legal pou Polisyon
    • Responsablite Avyon
    • Pwoteksyon ak Endemnite (Responsablite Bato)
    • Responsablite pou Amyant
    • Responsablite Tren (ki gen ladan Pwoteksyon Tren)
    • Domaj Pwopriyete
    • Krim/Fidelite
  2. Pou pwoteksyon ki anwo yo, se sèlman Andòsman Espesyal/Asirans Siplemantè LADWP yo pral aksepte kòm prèv asirans.
  3. Nan ka ki pa posib pou ranpli Fòm Asirans Siplemantè/Andosman Espesyal LADWP yo, yon Sètifika asirans Acord 25 ak andòsman obligatwa ki idantifye LADWP nan aneks la ka yon fòm prèv asirans akseptab.
    • Se sèlman moun ki otorize pa konpayi asirans lan pou sètifye/siyen fòm andòsman LADWP yo ki ka "sètifye/siyen".
    • Moun k ap sètifye fòm andòsman yo dwe ekri non yo, tit yo, konpayi yo, ak nimewo telefòn yo akote Sètifikasyon an.

Fòm andòsman sètifye yo dwe genyen omwen andòsman konpayi asirans sa yo, jan sa apwopriye epi jan kontra a egzije sa:

  • Asirans Anplis
  • Avi Anilasyon (30 jou, 10 jou pou moun ki pa peye)
  • Sitiyasyon benefisyè pèt kòm enterè Depatman an ka parèt
  • Renonsiyasyon a Subrogasyon