Kontèks Pwojè a

 

LADWP ap konvèti pwosesis dezenfeksyon dlo li a soti nan klò pou l vin kloramin. Konstriksyon Estasyon Amonyak North Hollywood (NHAS) la se yon lòt etap nan efò LADWP pou konvèti rezèv dlo li a an dezenfeksyon ak kloramin.

Malgre LADWP a konfòm ak règleman ki deja egziste sou kalite dlo a, li nesesè pou konfòme li avèk règleman ki pi strik ki pral an plas nan kèk ane kap vini yo epi pou amelyore fyabilite rezèv dlo a lè yo ogmante rezèv dlo Vil Los Angeles la ak dlo kloramine ki achte nan men Distri Dlo Metwopoliten an (MWD). Pou rezon sa a, LADWP ap konsevwa epi konstwi enstalasyon kloraminasyon ak amonyak pou konvèti tout sistèm distribisyon dlo a an dezenfeksyon ak kloramin.

Dimansyon Pwojè a

Pwojè konstriksyon NHAS la sitiye nan Konplèks Estasyon Ponp North Hollywood LADWP a (ki sitiye toupre Vanowen Street nan Hinds Street) ak de lòt pwopriyete LADWP. Travay la pral fèt nan limit pwopriyete LADWP a avèk yon enpak minimòm sou kominote a. Pwojè a divize jan sa a: 

Faz 1 – Konstriksyon NHAS 2,800 pye kare a, kontwòl ak ekipman apwopriye yo. Konstriksyon an te fini nan mwa septanm 2010. Mizanmenajman NHAS la te kòmanse an Novanm 2013 epi li ka fini an Fevriye 2014.

Faz 2 – Y ap konstwi de estasyon jenerasyon ipoklorit (OSHG) sou plas pou trete dlo ki soti nan Liy Kolektè Pwi North Hollywood - West Branch (ki sitiye toupre Vanowen Street nan Whitsett Avenue) ak Liy Kolektè Pwi Rinaldi Toluca (ki sitiye toupre Vose Street nan Radford Street) epi y ap antre an sèvis an fevriye 2014. Estasyon sa yo pral pwodui klò ki gen yon konsantrasyon ki ba pou dezenfekte dlo anba tè. Tanpri gade fèy enfòmasyon an pou plis enfòmasyon sou estasyon OSHG yo, ou ka jwenn aksè ladan l atravè lyen ki anba a.

Sitiyasyon aktyèl la

Faz 1 – Konstriksyon bilding amonyak la te fini nan mwa septanm 2010.

Faz 2 – Konstriksyon tou de OSHG yo kòmanse. Toulede estrikti yo ap konstwi sou pwopriyete LADWP ki sitiye nan zòn North Hollywood. Dat fini konstriksyon tou de bilding yo se te Desanm 2013.

Enfòmasyon pou kontakte LADWP

Pou plis enfòmasyon konsènan pwojè sa a, kontakte Madanm. Heidi Hiraoka, Manadjè Pwojè, nan (213) 367-5263 oubyen pa imèl nan [email protected].


Mizajou 3 fevriye 2014