Frè Sèvis Egou a (SSC) baze sou itilizasyon dlo ki gen kontè epi li jenere lajan pou konstwi ak antreteni enstalasyon dlo ize tankou egou ak izin tretman dlo egou, epi pou trete dlo ize ki dechaje nan sistèm egou a. SSC a aplike pou tout kliyan rezidansyèl ak komèsyal yo, sof si Depatman Travay Piblik, Biwo Sanitasyon (BOS) Vil Los Angeles la akòde yon egzanpsyon.
Lokal pou plizyè lojman: Lè yon sèl kontè desèvi senk (5) inite lojman oswa plis. Yo faktire pwopriyete sa yo menm jan ak pwopriyete komèsyal yo.
Itilizasyon Dlo nan Ivè
Estimasyon volim dlo egou pou lokal rezidansyèl yo baze sou metòd yo rele "itilizasyon dlo ivè" (WWU).
Chak ane, yo kalkile volim dlo egou mwayèn chak jou ou pou ane k ap vini an, soti 1ye jiyè rive 30 jen, baze sou pi ba volim dlo egou mwayèn chak jou pou sezon ivè pase a. Yo detèmine volim dlo egou a lè yo evalye itilizasyon dlo pou lokal la pandan peryòd revizyon sezon lapli a.
Peryòd revizyon sezon lapli a chanje chak ane men jeneralman li kòmanse an Oktòb oswa Novanm epi li fini an Avril oswa Me. Apre yo fin kalkile mwayèn itilizasyon chak jou a, SSC ki faktire a rete plis oswa mwens konstan pandan tout ane a, li chanje sèlman yon ti kras akòz kantite jou nan chak peryòd faktirasyon. SSC a pa lye ak konsomasyon dlo a pandan chak peryòd faktirasyon.
Faktè Konpansasyon Ivè Sech la (DWCF) se yon nonb ki egal a 1.0 oubyen mwens (anjeneral anviwon 0.9) yo chwazi apre yon etid sou lapli a, modèl lapli a ak konsomasyon dlo total ki te fèt pandan sezon lapli anvan an. Etid sa a sèvi tou pou detèmine peryòd revizyon sezon lapli a.
Demann yon Ajisteman
Kliyan yo ka vizite sitwèb BOS la epi soumèt yon demann pou yon Ajisteman Frè Sèvis Egou Rezidansyèl.
REMAK: Li pran jiska twa (3) peryòd faktirasyon regilye pou yon ajisteman SSC fini apre apwobasyon BOS la.